Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 14:50 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

50 Konsa, yo tout te kouri kite Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

50 Lè sa a tout disip yo kite l, yo pran kouri.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

50 Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri.

Gade chapit la Kopi




Mak 14:50
11 Referans Kwoze  

Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswe a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje atè a, e mouton yo va gaye’.


Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.


Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.


Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.


Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen.


Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”


“Mwen te foule nan kivèt diven an sèl, Pami pèp yo, pa t gen moun avè M. Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen, e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an. Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.


Chak jou Mwen te avèk nou nan tanp la ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.”


Yon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite