Mak 15:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”. 1998 Haïtienne Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo! Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo. |
Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon.
ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
“Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”
Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.
Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
“Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou.