Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 15:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a kounyeya. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:32
16 Referans Kwoze  

Anplis, volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.


Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.


Konsa, tout jenerasyon yo soti nan Abraham jiska David se katòz jenerasyon epi kite David pou rive nan depòtasyon Babylone nan, se katòz jenerasyon. E poukite depòtasyon Babylone nan pou rive a Kris La, se katòz jenerasyon.


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò.


Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.


Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa?


te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”


Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”


Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.


“Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li.


Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite