Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 13:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa.

Gade chapit la



Mak 13:7
17 Referans Kwoze  

Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”


Li p ap krent move nouvèl. Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.


Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè. Malgre lagè leve kont mwen, malgre sa, m ap gen konfyans.


Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, ni atak a mechan an lè l vini.


“Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li.


Alò, pa kite kè nou vin febli e pa pè rapò k ap tande nan tout peyi a, paske rapò a va rive nan yon ane, e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane, gen vyolans nan peyi a, e yon wa kont yon lòt wa.


“Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.


Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.


Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè.


Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.


“Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.


Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.


Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”