Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 14:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 14:14
31 Referans Kwoze  

Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò, jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.


Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an,


akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a.


Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.


Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.


Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la.


Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.


Mwen vin vide tankou dlo. Tout zo m fin dejwente.


Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.


Paske avèk Bondye pa gen patipri.


Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.


Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.


Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di: “Retounen, O pitit a lòm yo.”


Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. Pa t genyen moun ki pou antere yo.


Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè. Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.


Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.


Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”


“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.


“Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an—


Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.


Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,


Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale.


Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann lan a sèvant li an.’


Konsa, Mwen va aflije desandan a David yo pou sa, men pa pou tout tan.’”


Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.


Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan? Èske pwomès Li yo fini nèt?


Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.


Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite