Mak 13:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 1998 Haïtienne Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. |
men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase.
Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”
Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.