Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 13:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Kenbe kò nou. Pa kite dòmi pran nou. Paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

33 Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:33
19 Referans Kwoze  

Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.


Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.


“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”


Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.


Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.


“Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.


Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye.


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.


Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.


Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.


Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite