Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 13:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Se tankou lè yon nonm pati l'al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè. Li bay gadyen pòt la lòd pou l pa dòmi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:34
17 Referans Kwoze  

Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò.


Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.


Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”


“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:


Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.


Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite