Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 13:35 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

35 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten;

Gade chapit la Kopi




Mak 13:35
8 Referans Kwoze  

Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.


Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini.


Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.


Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.”


Li wè disip yo te gen anpil difikilte pou yo mennen bato a, paske van an t ap vante nan sans kontrè. Ant twazè epi sizè nan maten konsa, Jezi mache sou dlo a pou li rive nan bato a. Li kontinye mache jouktan li te prèske depase bato a.


Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a.


Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la.


Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite