Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
Jeremi 9:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari. 1998 Haïtienne Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo. |
Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a. Mwen te prive yo de pitit yo. Mwen te detwi pèp Mwen an. Yo pa t vire kite chemen yo.
Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
“Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.
Pou sa, jennonm pa l yo va tonbe nan lari; e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.
Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.
Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.”
Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale.
Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.
Yo kouri sou vil la. Yo kouri sou miray la. Yo antre nan kay yo; nan fenèt yo antre kon vòlè.
Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.
Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.