Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 44:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Enben, kounyeya, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pèsonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pèsonn chape?

Gade chapit la Kopi




Jeremi 44:7
28 Referans Kwoze  

men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.


Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”


“Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”


“‘Èske Ézéchias, wa Juda a, ak tout Juda te mete l a lanmò? Èske li pa t gen lakrent SENYÈ a, chache favè SENYÈ a, e SENYÈ a te chanje lide Li sou malè ke li te pwononse kont yo a? Men nou ap komèt yon gwo mal kont pwòp tèt pa nou.’”


Men afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo.


Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va sòti deyò pou vin soumèt a wa Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv.


Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.”


Konsa, p ap gen moun ki chape, ni ki retounen nan retay Juda ki te antre nan peyi Égypte pou rezide la ak entansyon pou retounen nan peyi Juda, kote yo gen anvi retounen viv la. Paske okenn moun p ap retounen sof ke kèk grenn ki chape.’”


Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?


Avèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm. Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.


Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”


Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.


Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.


Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli, gwo laperèz mwen yo tout kote. Nanpwen moun ki te chape sòti vivan nan jou kòlè SENYÈ a. Sila ke m te fè e leve yo, lènmi m te anile yo nèt.


Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’


Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.


Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou.


Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”


Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.


Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe.


Men kisa ou va fè, ou va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.”


Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”


Epi li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite