Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 36:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se konsa Senyè a fè moun Babilòn moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason Jida nan Tanp lan menm. Li pa te gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, moun malad kou moun gaya. Bondye lage yo tout nan men wa a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 36:17
39 Referans Kwoze  

Pou sa, yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a.


Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.


Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a.


Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone.


Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.


Konsidere akò Ou, paske kote fènwa yo nan tout latè a, plen ak abitasyon vyolans yo.


O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.


Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni zye yo p ap fè pitye pou timoun.


Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; Mwen va fè Jacob yon malediksyon, e Israël kon yon repwòch.


Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.


Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou.


Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.


Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.


Pawòl ki te vini kote Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Wa Sédécias te voye Paschhur, fis a Malkija a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, pou di l:


Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’


Pou sa, pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Kaldeyen yo, e nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e li va pran l.


Paske SENYÈ a di, “Menm jan ke M te mennen tout gwo dezas sa a sou pèp sa a, konsa Mwen va mennen sou yo tout bonte ke Mwen ap pwomèt yo.


epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou.


Avèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm. Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.


Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.


Yo va pouse yon gwo foul kont ou, yo va lapide ou e rache ou an mòso ak nepe yo.


“Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo: “Yon nepe, yon nepe fin rale! Li klere pou masak la, pou fè l konsonmen nèt, pou li kapab tankou loray.


Akoz sa, SENYÈ a te kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.


Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”


Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite