Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 15:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a. Mwen te prive yo de pitit yo. Mwen te detwi pèp Mwen an. Yo pa t vire kite chemen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 15:7
21 Referans Kwoze  

Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale.


Ou va vannen yo; van a va pote yo ale e tanpèt va gaye yo. Men ou va rejwi nan SENYÈ a; ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.


Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje.


Sepandan, pèp la p ap vire retounen kote Sila ki te frape yo a, ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.


Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.


O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.


Mwen va voye etranje yo Babylone pou yo ka vannen l, pou yo kapab devaste peyi li a; paske tout kote nan jou gwo malè li a, yo va kontra li toupatou.


Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.


‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.


“Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo,


Wi, Mwen va fè mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”


“Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.


Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”


“Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.


“Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.


“Nou va gen fis ak fi, men yo p ap pou nou, paske yo va antre an kaptivite.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite