Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 9:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo. Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li. Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy. Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Mwen di: — Nou menm medam, koute sa Senyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap sòti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 9:20
15 Referans Kwoze  

Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li e etabli pawòl Li yo nan kè ou.


Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye, mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, mache ak ti pa kout pou atire zye gason, e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.


Konsa, Mwen va fè senp tigason yo vin chèf sou yo, e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.


Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo. Y ap mennen nou nan bagay ki pou ryen. Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo, men pa nan bouch SENYÈ a.


Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal?


Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.


Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?


Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.


Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite