Jeremi 7:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo. 1998 Haïtienne W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Senyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pèsonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò. |
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.”
Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije.
“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an.
“Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.
O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
Mwen te mete gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’
Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupotou bay move rapò a lòt. Se bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi.
Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”
Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.
Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a pa p vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.