Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 5:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mache toupatou Jerizalèm. Louvri je ou byen! Fè ankèt pou konn sa k'ap pase! Chache sou tout plas piblik! ske n'ap jwenn yon nonm, menm yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn grenn, m'ap padonnen tout lavil la.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 5:1
29 Referans Kwoze  

Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”


Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”


Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.


SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.


Yo tout te vire akote. Ansanm yo te vin konwonpi. Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.


Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?


Gen anpil moun ki pwomèt fidelite; men kibò pou jwenn yon nonm onèt?


Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.


Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la, nan antre pòtay yo, li kriye fò:


Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la; nan ri yo ak nan plas yo. Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.


Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.


Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.


Epi tout sila ki te konnen ke madanm yo t ap brile sakrifis a lòt dye yo, ansanm ak tout fanm ki te kanpe la yo, yon gwo asanble, menm ak tout moun ki te rete Pathros nan peyi Égypte la, te reponn a Jérémie. Yo te di:


Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat; okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di: ‘Kisa mwen te fè la a?’ Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo, tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.


O ke m ta gen nan dezè a, yon plas pou moun k ap vwayaje rete, pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an. Pou m kite yo nèt! Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.


Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?


“Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn.


Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’


Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”


Yo kouri sou vil la. Yo kouri sou miray la. Yo antre nan kay yo; nan fenèt yo antre kon vòlè.


Pèp la va kilbite tou egare sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè, e sòti nan nò pou rive menm nan lès; yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a, men yo p ap jwenn li.


Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann.


“Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’


epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite