Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 51:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye li, SENYÈ dèzame yo; sepandan, peyi yo plen koupabilite devan Sila Ki Sen an Israël la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Paske mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida yo, mwen pa lage yo, atout yo koupab devan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Gade chapit la



Jeremi 51:5
37 Referans Kwoze  

Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen p ap janm kite pèp mwen an, Israël.”


Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.


Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a, ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.


“Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël, paske ou se sèvitè Mwen, O Israël. Mwen p ap janm bliye ou.


Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a, ki fè boulvèse lanmè a, Ki fè lanm li yo gwonde. SENYÈ dèzame yo se non Li.


Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”. Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a, Yon Vil Ki Pa Abandone.”


Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!


Poukisa Ou tankou yon nonm twouble, tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou? Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou; pa abandone nou!


Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”


Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo,


Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo: “Gade byen, Mwen ap bay yo manje bwa lanmè e fè yo bwè dlo anpwazone; paske soti nan pwofèt Jérusalem yo, tout kalite pouriti gaye nan tout peyi a.”


Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire, e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba; alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.


O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”


Pòsyon Jacob pa tankou sa yo; paske Sila ki fè tout bagay la se Li menm e selon tribi eritaj Li a, SENYÈ dèzame yo se non L.


Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo.


Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’


Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’


“Di a frè ou a ‘Pèp mwen yo’! Epi a sè ou yo, ‘Byen ame mwen an!’


sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.


Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.


Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.


Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.


Ou va bay verite a Jacob ak mizerikòd a Abraham, tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo depi nan jou ansyen yo.


Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.


Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo.


SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò.


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.