Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, kraze foule ak pye.
Yon nepe kont cheval li yo, kont cha lagè yo, kont tout etranje ki rete nan mitan l yo e yo va vin tankou fanm! Yon nepe rete sou trezò li yo, e yo va piyaje!
Malgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.