Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 50:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 50:20
30 Referans Kwoze  

Menm jan lès lwen lwès la, Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.


Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.


Ou te retire tout gran kòlè Ou. Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.


Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.


Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an.


Pèp peyi a pa p di: “Mwen malad”. Moun ki rete la yo va padone pou inikite yo.


Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.


Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”


“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”


“Nan jou sa yo e nan lè sa a, Mwen va fè yon Branch ladwati a David pete vin parèt. Li va egzekite lajistis ak ladwati sou tout latè.


Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo.


Konsa, p ap gen moun ki chape, ni ki retounen nan retay Juda ki te antre nan peyi Égypte pou rezide la ak entansyon pou retounen nan peyi Juda, kote yo gen anvi retounen viv la. Paske okenn moun p ap retounen sof ke kèk grenn ki chape.’”


“Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a: “Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou; yo va avanse ap kriye pandan yo prale e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.


Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete, O fi a Sion an. Li p ap ekzile nou ankò. Li va pini inikite nou an, O fi Edom an. Li va fè parèt tout peche ou yo!


Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv.


Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.


Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.


Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou.


Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.


“Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;


“ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”


Men si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò.


Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon.


Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.


Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite