Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 51:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Kontra sila a ki koube a, kite achè koube banza li. Kontra sila a ki leve nan pwotèj li yo, pa kite jennonm li yo chape! Touye tout lame li nèt!

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye.

Gade chapit la



Jeremi 51:3
12 Referans Kwoze  

A la beni sila ki sezi pitit ou yo, e ki kraze yo nan wòch la va beni!


Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!


Monte lign batay ou kont Babylone tout kote, nou tout ki konn koube banza. Tire sou li. Pa konsève flèch nou yo, paske li te peche kont SENYÈ a.


“Kont peyi Merathaïm nan monte; kont li ak kont moun Pékod yo. Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a; “epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.


Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.


Malgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.


Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.


Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.