Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 137 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita. Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.

2 Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.

3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo, e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di: “Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”

4 Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?

5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men dwat mwen bliye kapasite li.

6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen, Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo, pi wo ke pi gwo plezi m yo.

7 Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”

8 O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an, A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!

9 A la beni sila ki sezi pitit ou yo, e ki kraze yo nan wòch la va beni!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite