Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 50:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 “Kont peyi Merathaïm nan monte; kont li ak kont moun Pékod yo. Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a; “epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Senyè a di ankò: — Mache pran peyi moun MiraTayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 50:21
17 Referans Kwoze  

Babilonyen yo ak tout Kaldeyen yo, Pekod, Schoa, Koa, ak tout Asiryen ki avèk yo; yo tout, jenn gason byen pòtan yo, chèf yo ak tout ofisye yo, ofisye ak mesye ki gen bon renome yo, tout sila k ap galope cheval yo.


Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.


Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.


Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan nò; sa va fè peyi li vin yon objè degoutan e p ap genyen moun ki rete ladann. Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!


“Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak neglijans, e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.


Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a. Konsa, yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife, epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon kote dezète san moun ki rete ladan yo.”


Rasanble, nou tout pou koute! Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo? Sila SENYÈ a renmen; li va akonpli sa li pito sou Babylone. Men L va kontra Kaldeyen yo.


Se Mwen menm ki di de Cyrus: ‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’ Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’ e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’”


Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari.


Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”


Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m ‘Monte kont plas sa a pou detwi l.’”’”


Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li.


Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”


Bondye etènèl la se kote pou nou kache. Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. Li te chase lènmi an devan nou; Li te di: ‘Detwi!’


Mwen menm, Mwen te pale. Anverite, Mwen te rele li. Mwen te mennen li, e Li va fè chemen li yo vin reyisi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite