Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 32:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pèsonn p'ap chape.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 32:25
17 Referans Kwoze  

Konsa, yo te leve avan l fènwa pou ale nan kan Siryen yo, epi gade byen, pa t gen moun la.


Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.


Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! "Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid.


“Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.


Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?


Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.


Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.


Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo, tèlman yo swaf; ti piti yo mande pen, men pèsòn pa kase bay yo.


“‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo.


Nepe va tonbe kont vil yo, pou kraze pòtay ak fè fòje yo, e li va fè tout plan yo disparèt.


Malgre yo leve pwòp pitit yo, Mwen va prive yo de yo, jiskaske pa gen yon moun ki rete. Wi, anverite malè a yo menm, lè Mwen kite yo!


Éphraïm vin frape. Rasin yo vin sèch. Yo p ap bay fwi. Menm si yo ka fè pitit, Mwen va touye fwi byeneme a vant yo a.


Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.


Ou va manje, men ou p ap satisfè. Imilyasyon ou va nan mitan ou. Ou va vin mete sou kote, men ou p ap konsève, e sa ke ou t ap rezève a, Mwen va bay li a nepe.


Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite