Li va vin rive ke sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò.
Jeremi 48:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a. 1998 Haïtienne Moun k'ap kouri pou sezisman pa pran yo pral tonbe nan twou. Lè y'a kouri sòti nan twou a, y'ap pran nan pèlen. Paske dat Senyè a te fikse pou li pini Mowab la rive sou li. Se Senyè a menm ki di sa. |
Li va vin rive ke sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò.
Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la nan yon chanm enteryè.
Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?
Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble.
Menm yon retay p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”
“Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.
Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la; yo va vin chase jis rive nan fènwa e vin glise tonbe ladann; paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.
Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.
Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo, O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.
Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”
Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.
Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.
Jou pinisyon yo gen tan rive. Jou jijman yo gen tan rive. Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.
Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l rakontre yon lous; oswa pou l rive lakay li, apiye men l sou mi kay la, pou yon koulèv vin mòde l.
Pi bon nan yo se pikan. Pi dwat la pi mal pase kloti zepin. Jou gadyen ou, jou vizitasyon ou an fin rive. Koulye a y ap boulvèse, egare nèt.