Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 48:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 “Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs; paske dife a parèt sòti nan Hesbon, yon flanm soti nan mitan Sihon e li te devore fwontèn tèt a Moab ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 Moun k'ap kouri met deyò yo rive Esbon tou bouke. Y'ap chache pwoteksyon lavil Esbon, lavil kote wa Siyon t'ap gouvènen an: men yo jwenn li ap boule. Dife a gaye, li rive jouk sou fontyè a, li moute rive jouk sou tèt mòn lwijanboje yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 48:45
12 Referans Kwoze  

Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.


Paske yon dife te sòti nan Hesbon, Yon flanm soti nan vil a Sihon; Li te devore Ar nan Moab, Pwent wo yo domine Arnon


Jésus te di yo: “Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo, ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a, te devni wòch ang prensipal la. Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”


De li menm, va vin parèt wòch ang lan, de li menm, pikèt tant lan, de li menm, banza batay la, de li menm, tout wa yo ansanm.


Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab e li va devore sitadèl Kérijoth yo. Moab va mouri nan mitan gwo zen, kri lagè ak son a twonpèt.


Paske Hesbon, se te vil a Sihon, wa a Amoreyen yo, ki te goumen kont ansyen wa Moab la, e li te retire tout peyi li a nan men li, jis rive nan Arnon.


Alò Israël te voye mesaje yo bay Sihon, wa a Amoreyen yo. Li te di:


Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.


Dife te devore jennonm Li yo e vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.


Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.


Anplis, mesye Memphis ak Tachpanès yo te brize kouwòn tèt ou a.


Pa genyen lwanj pou Moab ankò. Nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, Madmen, va vin an silans. Nepe a va swiv nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite