Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 50:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Babilòn! Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te sòti pou goumen avè m.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 50:24
17 Referans Kwoze  

Paske li fin lonje men l kont Bondye e aji ak awogans kont Toupwisan an.


“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”


Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?


Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.


Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.


Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?


Gwo laperèz devan twou fòs, ak pèlen ap vini sou nou, O moun Moab yo,” deklare SENYÈ a.


“Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a.


Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.


Sibitman, Babylone vin tonbe e kraze nèt; rele anmwey sou li! Pote pomad pou doulè li. Petèt li ka geri.


Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite