“‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.
Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.
Bel vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo kon pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige.
Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen. Yo brile lansan bay dye ki san valè yo. Yo chape tonbe kite chemen yo, soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout, men pa sou gran chemen an.
SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo.
Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.
“Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’
Nan tout kote nou rete, vil nou yo va vin yon savann, e wo plas yo va vin dezole, pou lotèl nou yo kapab vin abandone nèt. Yo va fè yon kote dezole, pou zidòl nou yo ka vin kraze e fini nèt, pou lotèl lansan yo ka vin kraze nèt e zèv nou yo ka vin efase nèt.
SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
“Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.