Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Senyè a ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 8:12
20 Referans Kwoze  

Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.”


Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.


“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.


Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.


Yo san valè, yon zèv k ap twonpe. Nan lè règleman pa yo, yo va peri.


Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!


Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la; yo va vin chase jis rive nan fènwa e vin glise tonbe ladann; paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.


Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.


Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’


Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.


Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.”


Konsa, li te dekouvri zak pwostitisyon li an e li te dekouvri nidite li, epi Mwen te vin about avèk li, menm jan Mwen te about ak sè li a.


Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la; Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.


SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.


“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’


ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite