Anplis, Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan.
Jeremi 48:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jijman fin rive sou plèn nan tou, sou Holon, sou Jahats e kont Méphaath, 1998 Haïtienne Jou jijman an rive pou lavil yo ki sou platon an: Olon, Jasa ak Mefat, |
Anplis, Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan.
Soti nan gwo kri Hesbon an, menm rive Élealé, menm nan Jahats, yo te leve vwa yo, soti Tsoar, jis rive Choronaïm, jiska Églath-Schelischija; paske dlo a Nimrim yo va anplis vin dezole.
Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a.
pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm,
Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.”
Men Sihon pa t kite Israël pase nan fwontyè pa li a. Konsa, Sihon te ranmase tout pèp li a pou te sòti kont Israël nan dezè a. Yo te rive a Jahats pou te goumen kont Israël.
Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.
Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon,