Sofoni 2:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.” Gade chapit la1998 Haïtienne9 Se poutèt sa, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Mowab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon min sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m yo va pran peyi a pou yo. Gade chapit la |