Konsa, pami tout abitasyon yo, Mwen va lonje men m kont yo, fè peyi a vin pi dezole e abandone, depi dezè a ki pase vè Dibla a, jis rive nan tout abitasyon yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.
Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.