Jeremi 48:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a. Gade chapit la1998 Haïtienne8 Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Senyè a menm ki di sa. Gade chapit la |
gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.