Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 21:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Men Sihon pa t kite Israël pase nan fwontyè pa li a. Konsa, Sihon te ranmase tout pèp li a pou te sòti kont Israël nan dezè a. Yo te rive a Jahats pou te goumen kont Israël.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Men, Siyon pat vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp li a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l'al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l atake yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 21:23
11 Referans Kwoze  

Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan teritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te fè kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël.


Soti nan gwo kri Hesbon an, menm rive Élealé, menm nan Jahats, yo te leve vwa yo, soti Tsoar, jis rive Choronaïm, jiska Églath-Schelischija; paske dlo a Nimrim yo va anplis vin dezole.


Anplis, Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan.


Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan teritwa pa li a. Pou sa Israël te vire kite li.


epi Jahats, Kedémoth, Méphaath,


Jijman fin rive sou plèn nan tou, sou Holon, sou Jahats e kont Méphaath,


Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.


“‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”


anfas Jourdain an, nan vale ki anfas Beth-Peor a, nan peyi a wa Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite