Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 39:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Senyè a ki di sa.

Gade chapit la



Jeremi 39:18
19 Referans Kwoze  

Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.


Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.


SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.


Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,


SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. P ap gen nan sila ki kache nan Li yo k ap kondane.


Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!


Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou, ak di mil sou men agoch ou, men sa p ap pwoche ou.


Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.


Sila ki rete nan vil sa a va mouri pa nepe ak gwo grangou, ak epidemi, men sila ki soti e desann kote Kaldeyen k ap fè syèj kont nou yo, va sove lavi li. Li va chape ak lavi li.


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti pou rive anvè Kaldeyen yo va viv. Li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’


Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a.


afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.