Jeremi 38:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti pou rive anvè Kaldeyen yo va viv. Li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’ Gade chapit la1998 Haïtienne2 — Men mesay Senyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va sòti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. Gade chapit la |
Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo,
Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.