Jeremi 3:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’? 1998 Haïtienne Kounyeya menm, n'ap vin di m: O wi, se mwen ki papa nou, nou te toujou renmen m depi lè nou te piti. |
O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen. Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
“Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn; lanmou ou lè ou te fiyanse avè M, jan ou te swiv Mwen nan dezè a, nan yon peyi ki pa t konn simen.
kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’
“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”
Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”
Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”
Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo, ak Vale Akò a kon yon pòt espwa. Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo, tankou nan jou lè l te vin monte soti nan peyi Égypte la.
“Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’
Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an.