Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 3:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Senyè a te di ankò: — Jan m ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m yo pral rele m papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 3:19
32 Referans Kwoze  

Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?


Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”


Paske Ou se Papa nou, malgre Abraham pa rekonèt nou, ni Israël pa rekonèt nou. Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou, Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.


Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.


li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li.


Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.


Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame.


Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.


Anplis, li va antre nan Peyi Laglwa a, e anpil peyi va ranvèse. Men sila yo va delivre soti nan men li: Edom Moab, ak premye nan fis a Ammon yo.


Men sila ki vini kont li an va fè sa li pito, e nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon.


Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a.


nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo.


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo. Yo te foule chan Mwen an anba pye; yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.


Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.


Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.


Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj, men moun plen foli yo va dezonere.


Alò, yo te meprize bèl peyi a. Yo pa t kwè nan pawòl Li,


Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.


Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen. Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.


Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondy m Wòch a sali mwen an.


Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo.


Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”


“Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite