Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 31:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Sou tout wout la, y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo retounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite jouk yo rive bò sous dlo yo. Wi, mwen tankou yon papa pou Izrayèl, Efrayim sa a se premye pitit gason mwen an.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 31:9
43 Referans Kwoze  

Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt; yo va konsole.


Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?


Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an.


“Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a: “Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou; yo va avanse ap kriye pandan yo prale e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


Ki te mennen yo atravè fon yo tankou cheval nan dezè a, pou yo pa chape tonbe?


Li fè m kouche nan patiraj vèt yo. Li mennen m akote dlo pezib yo.


paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”


“Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.


Pou tout sa, priye konsa: “‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen.


Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.


“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”


Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.


Li va di: “Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an! Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.”


anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo,


epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”


Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime.


Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!


Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; li te kriye e li te chache favè li. Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.


Paske Ou se Papa nou, malgre Abraham pa rekonèt nou, ni Israël pa rekonèt nou. Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou, Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.


se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?


Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.


Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va Élischama fis a Ammihud la.


Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen, pi wo pami tout wa latè yo.’


Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat, pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.


Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.


Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.


Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël ak Kreyatè li a: “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!


Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.


Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo?


“Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite