Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 3:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 3:5
14 Referans Kwoze  

Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.


Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.


“‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.


Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.


Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; paske lespri a ta vin fèb devan M, ak nanm a sila ke M te fè yo.


Pa vin fache depase, O SENYÈ, ni sonje inikite nou yo pou tout tan. Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.


Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan? Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?


Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.


Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò? Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?


Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te vire akote nan enfidelite san rete a? Yo kenbe rèd a desepsyon. Yo refize retounen.


Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat; okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di: ‘Kisa mwen te fè la a?’ Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo, tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite