Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”
Jeremi 25:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Édom, Moab ak fis Ammon yo; 1998 Haïtienne moun peyi Edon, moun peyi Mowab ak moun Amon yo, |
Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”
Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a. Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye.
Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.
Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?” Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.
Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.
Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?
Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?
Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”
“La tou, gen Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe e te refize gen pitye. Mekontantman li te dechire tout tan, e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.
Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo pou agrandi lizyè yo.
Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te brile zo a wa Édom nan pou l fè lacho.
Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.