Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 1:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo pou agrandi lizyè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Senyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.

Gade chapit la Kopi




Amòs 1:13
27 Referans Kwoze  

Anplis, li te mennen moun ki te ladann l deyò. Li te fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.


Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire tout fanm li yo ki te ansent.


SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.


Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?” Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”


Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat.


Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.


Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”


Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;


Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!


Édom, Moab ak fis Ammon yo;


“Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo: “Yon nepe, yon nepe fin rale! Li klere pou masak la, pou fè l konsonmen nèt, pou li kapab tankou loray.


Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:


“‘“Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la,


Samarie va pote koupabilite li, paske li te fè rebèl kont Bondye li a. Yo va tonbe pa nepe. Timoun piti yo va vin kraze an mòso, epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.


Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a. Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon li; akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.


Lè ou vin anfas fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a fis a Lot yo kòm posesyon.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite