Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 48:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Mowab la: — Ala malè pou moun lavil Nebo yo! Yo ravaje lavil la nèt ale. Moun lavil Kiryatayim yo wont! Lènmi anvayi lavil la, yo pran gwo fò a, yo kraze l ratè!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 48:1
19 Referans Kwoze  

“Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon,


Édom, Moab ak fis Ammon yo;


Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.


Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”


Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen veye li lajounen kon lannwit.


Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a. Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye.


Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.


Yo te vwayaje soti nan Almon-Diblathaïm pou te fè kan nan mòn Abarim yo devan Nebo.


Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.


Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a.


Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a,


Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.


L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite