Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 25:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 epi tout etranje yo, tout wa peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd,

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:20
19 Referans Kwoze  

Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


“‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup aliyans yo va tonbe ak yo pa nepe.”


Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom nan, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.


Yon nepe kont cheval li yo, kont cha lagè yo, kont tout etranje ki rete nan mitan l yo e yo va vin tankou fanm! Yon nepe rete sou trezò li yo, e yo va piyaje!


Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li,


epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo;


Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon trè gran kantite bèt.


Fis a Sem yo: Élam, Assur, Arpacschad, Lud ak Aram; Uts, Hul, Guéter avèk Méschec.


Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron;


Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan


Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch.


Anplis, Juda te pran Gaza avèk teritwa ki te pou li a, ak Askalon avèk teritwa pa li a, ak Ékron avèk teritwa pa li a.


Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite