“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.
Elas, yon nasyon plen peche, yon pèp peze avèk inikite, ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! Yo te abandone SENYÈ a; yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. Yo te vire kite Li nèt!
Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo,
Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.
Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo.
Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?
Li te twouve li nan yon peyi dezè, nan savann dezole kote van soufle a. Li te antoure li, Li te pran swen li, Li te pwoteje li tankou de zye nan tèt Li.