Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -

Sòm 136 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;

4 A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

6 a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

7 a Sila ki te fè gran limyè yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

8 solèy ki pou domine lajounen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

10 A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

13 a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

14 ki te fè Israël pase nan mitan li, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

16 a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

17 a Sila ki te frape gran wa yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

18 ki te touye wa pwisan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

19 Sihon, wa Amoreyen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

20 ak Og, wa Basan an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

21 e te bay peyi yo kon eritaj, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

25 ki bay manje a tout chè, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

26 Bay remèsiman a Bondye syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite