Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 13:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 “Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?” Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire e talon ou yo te vin ekspoze.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 13:22
24 Referans Kwoze  

menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont.


Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”


“Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo, ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt. Mwen p ap janm chita tankou yon vèv, ni konnen pèt timoun.’


Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou, pou wont ou kapab vin vizib.


Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.


Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’


Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.


Anplis, yo va retire tout rad sou ou e yo va pran bèl bijou ou yo.


Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri okenn inikite, ki ta peche.”


Konsa, Mwen va dekouvri wont li devan zye a tout moun ki renmen li yo, e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen.


sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.


Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’


“Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va Leve jip ou jis rive nan figi ou pou montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou.


Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”


“Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’


“Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’


Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite