Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 32:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 “Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Senyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an.

Gade chapit la Kopi




Nonb 32:23
21 Referans Kwoze  

Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.


Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”


Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.”


Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”


SENYÈ a va fè san li retounen sou pwòp tèt li, akoz li te tonbe sou de mesye ki te pi dwat e pi bon ke li menm yo. Li te touye yo avèk nepe, pandan papa m, David pa t konnen: Abner, fis a Ner a, chèf lame Israël la ak Amasa, fis a Jéther a, chèf lame a Juda.


Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.”


Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen, e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”


Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.


Ou te mete inikite nou yo devan Ou. Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.


Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.


paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.


Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou, e peche nou yo temwaye kont nou. Paske transgresyon nou yo rete avèk nou e nou konnen inikite nou yo:


Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.


Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Li te fè fanmi lakay li pwoche, moun pa moun, epi Acan, fis a Carmi, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a te pran.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite