Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 32:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Senyè a, n'a tounen vin lakay nou, paske n'a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Senyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 32:22
17 Referans Kwoze  

Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a.


Anplis, li te chase nasyon yo devan yo, te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.


“Lè nou antre nan peyi Canaan an, ke Mwen bannou pou posesyon an, e Mwen mete yon mak lalèp kanni sou yon kay nan peyi posesyon pa nou an,


epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain a devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li,


jis SENYÈ a bay repo a sitwayen parèy a nou an, jis tankou nou; epi yo, osi, vin posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, va bay yo lòtbò Jourdain an. Nan moman sa a, nou tout kapab retounen nan pwòp posesyon pa l ke mwen te bannou an’.


jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou, epi yo menm tou, yo posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp teren pa nou an, e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’”


SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a.


Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.


Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.


Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a:


Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.


Li va rive ke nenpòt moun ki ale deyò pòt lakay ou pou antre nan lari a, san li va sou pwòp tèt li e nou va lib de sèman an. Men nenpòt moun ki avèk ou nan kay la, san pa li va sou tèt nou si yon moun men mete sou li.


Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an.


Fis a Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te retounen kite fis Israël yo nan Silo, ki te nan peyi Canaan an, pou ale nan peyi Galaad, nan peyi ke yo te posede a, selon kòmand a SENYÈ a ki te soti nan Moïse la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite