Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 2:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Men koulye a, se kisa w ap fè nan wout pou rive Égypte la, lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan? Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a, pou bwè dlo nan flèv pa yo a?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Kounyeya, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n'al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n'al bwè dlo nan larivyè Lefrat?

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:18
18 Referans Kwoze  

Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen.


Sou anpil dlo sereyal a Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo.


Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, ki depann de cheval yo, ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la, ni chache SENYÈ a!


Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.


Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.


Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”


Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.


Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie pou nou jwenn ase pen.


Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a.


Men li te fè rebèl kont li lè l te voye reprezantan li yo kote Égypte pou yo ta ka ba li cheval ak anpil sòlda. Èske li va reyisi? Èske sila ki fè kalite bagay sa yo va chape? Èske li, anverite, kapab kraze akò a e chape?


Bagay sa yo ap fèt a ou menm akoz ou te jwe pwostitiye ak nasyon yo, akoz ou te souye tèt ou ak zidòl yo.


“Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.


Konsa, Éphraïm te vin tankou yon toutrèl egare, san bon sans. Yo rele vè Egypte. Yo ale Assyrie.


soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite