Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jenèz 23:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Abraham te leve e te bese devan moun yo nan peyi a, fis a Heth yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Abraram kanpe. Pa respè pou moun Et yo, li bese tèt li byen ba devan yo.

Gade chapit la



Jenèz 23:7
11 Referans Kwoze  

Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth;


Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.


Konsa, Abraham te bese devan pèp peyi a.


“Koute nou, mèt mwen, ou menm, se yon prens Bondye pami nou. Antere mò ou a nan pi bon chwa ou nan tonm pa nou yo. Nanpwen pèsòn ki va refize ou yon plas antèman pou mò ou a.”


Li te pale avèk yo, e te di: “Si se volonte ou pou m antere mò mwen an kote mwen p ap wè l, koute mwen, e pale ak Ephron fis Tsochar a pou mwen,


Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.


Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.


Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.


Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.